Lyrics

Jo_Kah: Mesi bondye (Son + Paroles)

Jo_Kah: Mesi bondye (Son + Paroles)

Mr Placide Marc-Antoine "@LeMajeur"

July 14th, 2012

0 Comments

Bon mannik leve, m’roule yon backwood epi’m poze/

Rale yon kreyon byen pwentu pou’m ekri koze’m/

Ansyen fanm mwen ap kraze pot devan an men seri’m bloke/

Kounyan an m’ap medite pou’m edifye’w, menm jezi vle vin kote’m/

Mwen preche lape a flanm dife/

Elimine peine, twop haine fe’m san pitye/

Ah! Ann rape olye’n chita la a ap plede babye/

Kap vroum! Gade jan’m pral derape/

Mtwo sere ou paka demare’m/

Mtwo serye ou paka dekouraje’m/

Mwen debake pou mwen bay timoun dezod rakle/

Granmoun yo kontan, pawol mwen se sante/

Li geri malad san te, kote’k gen lanmou se la’m kampe/

Kote’k gen grangou mwen pote manje/

Verite klere tout kote so mwen vle’n chofe/

Vole, sote, pompe, Bondye voye’m chante/

 

Refren-

Le’m ap rape fe’m tande fan yo di “Mesi bondye”

 

Mwen fet tou frajil nan peche men se lanmou ki te pwoteje’m/

Mizik son genie k’egize kreyon’m, ekriti’m egzose voeux’m/

Men’m toujou tombe sou lanmo k’ap chache negosye vi’m/

Dekourajman se enmi’m, m’pa konn renonse, m’vin/

denonse demon’k vle/

boule memwa’m, menm toujou resonje/

tout echek ki t’ampeche pyon’m vanse/

Malgre pwoblem t’ap karese’m, haine pat afekte’m/

malgre’m vide san’m ban’n bwe, le mond pa aksepte’l/

Le’m te nan deze’w te tounen koulev pou tante’m/

Olye’m kite mize chanje’m, pito’m met doule’m nan chante’m/

Zeb la vet … li met koule nan panse’m/

Laj fe tout zo vin rek tankou le motye fin seche/

Chache bati vi’w, se apre ampil rati m’rive ekri klasik/

k’ap di’n sispann ratibwaze la nati/

Gade, m’respire mizik. m’pwodwi plis ke mal a femel/

M’separe menm le’m pa genyen donk visye’w paka fe’m pe/

 

Refren-

 

M’foure Ipap nan pye’m laset mwen mare byen du/

Pare men’w pouw ranmase lyric dous wa di kaye’m plen sucre/

Fo’w reyalize a fos ke m’ap mache dezabize/

beats, m’pa menm bezwen nan pale ampil pou fanm dezabiye/

Gampil ki anvi detwi’m depi nan vant, avote’m/

Se byen domaj ke yo two koyo pou abode’m/

M’ap eklate, m’son bomb e menm lanmo pap fouti dezamose’m/

Patne’m/

mwen limen mikro jouk li fonn wa di se balen/

Pawol mwen gen tandans fe fanm sal ko yo san kolera/

Ou move pa’m? Rel ap sot nan chanm mwen e se pa opera/

paske M’avek 3 bel bebe, sware a bel sevre/

Men se fim granmoun nou tap filme jouk le soley leve/

gonfle vwa’m wa di kod vokal mwen bat fe/

Tatwe rap nan ke’m kounyan mwen konnen li pa ke/

M’ap kouri a nimpot ki moun sou yon track e poutan’m pa atlet/

Flo mwen niagara, flo pa’w kamep

Facebook

Get the Facebook Likebox Slider Pro for WordPress

Switch to our mobile site